The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 4 › Deuteronomy 4:33

Deuteronomy 4:33

Eske janm gen yon pèp ki te tande Bondye rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan nou menm nou te tande l' la, epi ki pa mouri apre sa?

Bib La

In The King James Version

Did ever people hear the voice of God speaking out of the midst of the fire, as thou hast heard, and live?

In Context

32Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan, nan tan ki te la anvan nou te fèt, depi lè Bondye te mete moun sou latè. Ale toupatou sou latè, mande si yon gwo bagay konsa te janm rive. Eske yo janm tande yon gwo koze tankou koze sa a?

34Eske te janm gen yon bondye ki te penmèt li al chache yon pèp nan mitan yon lòt pèp pou fè li tounen pèp pa li, yon bondye ki te janm fè tout mirak ak tout bèl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fòs ponyèt li, ak gwo kouraj li epi ki te fè anpil bagay pou fè moun tranble jan Seyè a, Bondye nou an, te fè l' pou nou devan je nou nan peyi Lejip la?

Read all of Deuteronomy 4

Cross References

Exodus 19:18Tout mòn Sinayi a te kouvri nèt ak lafimen, paske Seyè a te desann sou li nan mitan yon gwo dife. Lafimen t'ap moute tankou nan yon fou lacho. Tout mòn lan t'ap tranble avèk fòs.

Exodus 20:22Seyè a di Moyiz: -Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Nou wè ki jan mwen ret nan syèl la pou m' pale ak nou.

Exodus 33:20Seyè a pale ankò, li di-Ou p'ap kapab wè figi m', paske ankenn moun sou latè pa kapab wè figi m' pou l' kontinye ap viv apre sa.

Deuteronomy 5:22Men pawòl Seyè a te di nou lè nou tout nou te sanble sou mòn lan. Li te rete nan mitan dife a, anndan gwo nwaj nwa a, li pale byen fò ak nou. Li pa di anyen ankò apre sa. Li ekri kòmandman sa yo sou de wòch plat, epi li ban mwen yo.

Deuteronomy 5:26Eske gen moun sou latè ki ka rete vivan toujou lè yo fin tande Bondye tout bon an rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan sa te rive nou an?

Judges 6:22Lè Jèdeyon wè se zanj Seyè a menm ki te parèt devan l', li di: -Bondye Seyè o! Gade malè ki rive m' non! Mwen wè zanj Seyè a fas pou fas!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 4:33

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 4:32Deuteronomy 4Deuteronomy 4:34 →