Deuteronomy 5:14
Men, setyèm jou a, se jou repo Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou, ni bèf nou, ni bourik nou, ni ankenn nan lòt bèt nou genyen, ni moun lòt nasyon ki rete lakay nou. Konsa, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou ka pran repo menm jan ak nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
13N'a travay sis jou. Lè sa a, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè.
Cross References
Genesis 2:2Sou sis jou, Bondye te fin fè tout sa l' t'ap fè a. Setyèm jou a, li sispann travay.
Exodus 23:12N'a travay sis jou. Men setyèm jou a, n'a sispann travay, n'a pran repo. Konsa, bèf nou yo ak bourik nou yo, moun k'ap sèvi avèk nou yo ansanm ak etranje ki lakay nou yo va ka pran repo tou.
Nehemiah 5:5Nou menm ras ak lòt jwif yo. Pitit nou yo pa pi mal pase pa yo. Men, nou setoblije bay pitit fi nou ak pitit gason nou yo sèvi domestik lakay yo. Nou menm rive gen pitit fi nou k'ap fè restavèk! Nou pa ka fè anyen kont sa, paske jaden nou yo ak pye rezen nou yo pa pou nou ankò.
Nehemiah 13:16Te gen kèk moun lavil Tir ki te rete lavil Jerizalèm pou fè kòmès. Yo te konn pote pwason ak tout lòt kalite machandiz pou yo te vann moun Jida yo jou repo a.
Hebrews 4:4Paske, men sa ki ekri yon lòt kote nan Liv la sou setyèm jou a: Setyèm jou a, Bondye poze kò l' apre li te fin fè tout travay li yo.