Deuteronomy 6:24
Apre sa, Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou kenbe tout prensip sa yo. Konsa, n'a gen krentif pou li, n'a viv ak kè kontan, epi l'a konsève lavi nou jan li fè sa pou nou jouk koulye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:4Men, nou menm ki pa t' lage pye Seyè a, Bondye nou an, nou tout la byen vivan toujou.
Deuteronomy 8:1Se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a pou nou ka viv, pou nou ka gen anpil pitit, pou nou ka mache pran peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt nou yo.
Deuteronomy 10:12Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, men sa Seyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l'. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou.
Psalms 41:2(041:3) Seyè a va pwoteje l', li p'ap kite l' mouri. L'ap fè l' viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l' nan men lènmi l' yo pou yo fè sa yo vle avè l'.
Psalms 66:9Se li menm ki ban nou lavi. Li pa kite pye nou glise.
Proverbs 22:4Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W'a gen richès, y'a nonmen non ou, w'a viv lontan.