The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 6 › Deuteronomy 6:3

Deuteronomy 6:3

Koute byen sa m'ap di nou, nou menm pèp Izrayèl! Pa bliye yo. Fè tou sa mwen di nou fè. Se sa ki va fè nou viv ak kè kontan. Se sa ki va fè nou tounen yon gran nasyon nan bon peyi sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo, jan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te di l' la.

Bib La

In The King James Version

Hear therefore, O Israel, and observe to do it; that it may be well with thee, and that ye may increase mightily, as the LORD God of thy fathers hath promised thee, in the land that floweth with milk and honey.

In Context

2Konsa, ni nou menm, ni pitit nou yo, ni pitit pitit nou yo, n'a gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, n'a kenbe tout lòd ak tout kòmandman li ban nou yo, chak jou nan lavi nou. Se konsa n'a viv lontan.

4Koute byen, nou menm pep Izrayèl! Seyè a, Bondye nou an, se li ki sèl mèt.

Read all of Deuteronomy 6

Cross References

Genesis 12:2M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.

Genesis 15:5Seyè a fè Abram soti deyò, li di l' konsa Leve je ou, gade syèl la byen. Konte zetwal yo si ou kapab. Apre sa, li di. Pitit pitit ou yo va anpil tankou zetwal nan syèl la.

Genesis 26:4M'ap ba ou anpil anpil pitit tankou zetwal nan syèl la. M'ap ba yo tout tè sa yo. Gremesi pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon.

Exodus 1:7Men pèp Izrayèl la te fè anpil pitit, yo te peple. Yo te vin anpil. Yo te vin fò, yo te toupatou nan peyi a.

Exodus 3:8Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.

Deuteronomy 4:6Se pou nou kenbe yo, se pou nou fè tou sa yo mande nou fè ladan yo. Paske, se konsa n'a fè lòt nasyon yo wè jan nou gen konprann, jan nou gen lespri. Lè y'a rive tande pale tout lòd sa yo, y'a di: Ala yon gwo pèp, papa! Pèp sa a gen tan gen konprann, yo gen tan gen lespri!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 6:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 6:2Deuteronomy 6Deuteronomy 6:4 →