Deuteronomy 8:3
Li kraze lògèy nou, li fè nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou laman pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Li fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Seyè a tou pou yo viv.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Pandan tout karantan sa yo, rad sou nou pa janm fini, pye nou yo pa janm fè yon ti anfle.
Cross References
Exodus 16:2Yo tout pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon nan dezè a.
Exodus 16:12-Mwen tande jan moun pèp Izrayèl yo ap plenyen. Men sa pou ou di yo: Aswè a, anvan li fin fè nwa, n'a gen vyann pou nou manje. Denmen maten, n'a gen pen kantite nou bezwen. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki Bondye nou.
Deuteronomy 29:5Pandan karantan, mwen pran men nou, mwen moutre nou chemen pou nou swiv nan dezè a. Rad sou nou pa t' janm chire, sapat nan pye nou pa t' janm fini.
Psalms 37:3Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!
Psalms 104:27Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen.
Matthew 4:4Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Bondye tou.