The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 8 › Deuteronomy 8:2

Deuteronomy 8:2

Chonje tout chemen Seyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l' te ka kraze lògèy nou, pou l' te ka sonde nou, pou l' te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te soti pou kenbe kòmandman l' yo.

Bib La

In The King James Version

And thou shalt remember all the way which the LORD thy God led thee these forty years in the wilderness, to humble thee, and to prove thee, to know what was in thine heart, whether thou wouldest keep his commandments, or no.

In Context

1Se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a pou nou ka viv, pou nou ka gen anpil pitit, pou nou ka mache pran peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt nou yo.

3Li kraze lògèy nou, li fè nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou laman pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Li fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Seyè a tou pou yo viv.

Read all of Deuteronomy 8

Cross References

Exodus 15:25Moyiz rele Seyè a, li lapriyè nan pye l'. Seyè a moutre l' yon kalite pyebwa. Moyiz lage branch bwa a nan dlo a, dlo a vin dous. Se la Seyè a te ba yo lòd ak regleman pou yo swiv. Se la li t'ap chache sonde yo.

Exodus 16:35Moun pèp Izrayèl yo pase karantan ap manje laman, jouk jou yo rive nan yon peyi kote yo jwenn moun rete. Kifè yo manje laman jouk yo rive sou fwontyè peyi Kanaran.

Deuteronomy 1:3Se premye jou nan onzyèm mwa karantyèm lanne depi yo te soti kite peyi Lejip la Moyiz te fè pale sa a ak pèp Izrayèl la, jan Seyè a te mande l' la.

Deuteronomy 2:7Chonje byen, Seyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tou sa n'ap fè. Li te pran swen nou pandan tout tan nou t'ap moute desann nan gwo dezè a. Sa fè karantan depi Seyè a la nan mitan nou, nou pa janm manke anyen.

Deuteronomy 8:16Nan dezè a se li menm ki te ban nou manje laman, yon kalite manje zansèt nou yo pa t' janm konnen. Li kraze lògèy nou, li sonde nou pou nou te ka gen kè kontan pi devan.

Deuteronomy 29:5Pandan karantan, mwen pran men nou, mwen moutre nou chemen pou nou swiv nan dezè a. Rad sou nou pa t' janm chire, sapat nan pye nou pa t' janm fini.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 8:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 8:1Deuteronomy 8Deuteronomy 8:3 →