Deuteronomy 9:23
Le Seyè a te ban nou lòd pati kite Kadès-Banea pou n' al pran pou nou peyi li te di l'ap ban nou an, nou t'ap fè wòklò ak Seyè a, Bondye nou an. Nou pa t' kwè nan li, nou te derefize tande l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Nou te eksite kòlè Seyè a tou lè nou te Tabera, lè nou te Masa ak lè nou te Simityè Grangou.
24Depi mwen konnen nou, se wòklò n'ap plede fè ak Bondye!
Cross References
Numbers 13:1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
Numbers 14:2Yo tout t'ap bougonnen sou Moyiz ak Arawon. Yo vin di yo konsa: -Pito nou te mouri nan peyi Lejip osinon nan dezè a!
Numbers 14:10Lè sa a, tout pèp la ranmase wòch pou yo kalonnen Jozye ak Kalèb. Men, lamenm pouvwa Bondye a parèt anwo Tant Randevou a, li fè tout pèp la wè l'.
Deuteronomy 1:19Apre sa, nou leve, nou kite mòn Orèb la. Jan Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd la, nou mache nan tout gwo dezè ki gen anpil danje ladan l' lan, dezè nou te wè a, nou pran chemen pou n' al nan mòn peyi Amori yo, epi nou rive Kadès Banea.
Psalms 106:24Yo pa t' vle tande pale sou peyi kote pou yo jwenn tout bon bagay la paske yo pa t' kwè pawòl Bondye.
Hebrews 3:18Lè Bondye te fè sèman sa a, kilès li t'ap pale? Li t'ap pale sou moun ki te chache kont ak li yo.