The Bible Software
bible.software › Hebrews › Hebrews 3 › Hebrews 3:18

Hebrews 3:18

Lè Bondye te fè sèman sa a, kilès li t'ap pale? Li t'ap pale sou moun ki te chache kont ak li yo.

Bib La

In The King James Version

And to whom sware he that they should not enter into his rest, but to them that believed not?

In Context

17Sou ki moun Bondye te fè kòlè pandan karantan an? Se sou moun ki te fè peche yo. Tout moun sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.

19Nou wè vre, yo yonn pa t' kapab mete pye yo kote sa a, paske yo pa t' gen konfyans.

Read all of Hebrews 3

Cross References

Numbers 14:11Seyè a di Moyiz konsa: -Kilè pèp sa a va sispann meprize mwen? Kilè y'a soti pou yo fè m' konfyans? Gade tout bèl bagay mwen te fè pou yo. Malgre sa, yo pa vle kwè m' toujou!

Numbers 14:30Dakò! Mwen te fè sèman mwen t'ap fè nou al rete nan peyi a. Men, nou yonn p'ap gen chans lan, esepte Kalèb, pitit gason Jefoune a, ak Jozye, pitit gason Noun lan.

Deuteronomy 1:26Men, nou pa t' vle al ladan l'. Se konsa nou te derefize obeyi lòd Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.

Deuteronomy 9:23Le Seyè a te ban nou lòd pati kite Kadès-Banea pou n' al pran pou nou peyi li te di l'ap ban nou an, nou t'ap fè wòklò ak Seyè a, Bondye nou an. Nou pa t' kwè nan li, nou te derefize tande l'.

Hebrews 3:11Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo pa janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.

Hebrews 4:6Moun ki te resevwa bon nouvèl la an premye, yo pa t' antre kote sa a paske yo pa t' mete konfyans yo nan Bondye. Konsa, gen lòt toujou ki ka antre kote sa a pou yo ka poze kò yo ansanm ak Bondye.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Hebrews 3:18

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hebrews 3:17Hebrews 3Hebrews 3:19 →