Ecclesiastes 11:2
Separe sa ou genyen ak mezi moun ou kapab, paske ou pa janm konnen ki malè ki ka rive ou sou latè.
Bib La
In The King James Version
Give a portion to seven, and also to eight; for thou knowest not what evil shall be upon the earth.
In Context
1Fè byen san gad dèyè. Yon lè konsa, w'a jwenn rekonpans ou.
Cross References
1 Samuel 25:8Ou mèt mande yo, y'a di ou. David voye mande ou pou resevwa mesye pa l' yo byen, paske se yon jou fèt nou rive isit la. Tanpri, mèt! Bay sa ou genyen pou nou k'ap sèvi ou, ak pou David, zanmi ou lan.
Esther 9:19Se poutèt sa, jwif k'ap viv nan ti bouk yo, ki gaye nan tout pwovens yo, pran katòzyèm jou mwa Ada a pou yon jou fèt, jou pou fè kè yo kontan, jou pou yo pa travay. Se jou sa a yonn voye kado bay lòt.
Job 5:19Lapo delivre ou nan tout move pa. Ankenn malè p'ap tonbe sou ou.
Proverbs 6:16Gen sis bagay Seyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte:
Micah 5:5L'a fè tout moun viv byen yonn ak lòt. Lè moun peyi Lasiri yo va anvayi peyi nou an, lè y'a pwonmennen mache nan tout peyi a, n'a voye sèt chèf, n'a voye wit menm al konbat yo.
Matthew 18:22Jezi reponn li: Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l' sèt fwa, men padonnen l' swasanndis fwa sèt fwa.