The Bible Software
bible.software › Esther › Esther 9 › Esther 9:19

Esther 9:19

Se poutèt sa, jwif k'ap viv nan ti bouk yo, ki gaye nan tout pwovens yo, pran katòzyèm jou mwa Ada a pou yon jou fèt, jou pou fè kè yo kontan, jou pou yo pa travay. Se jou sa a yonn voye kado bay lòt.

Bib La

In The King James Version

Therefore the Jews of the villages, that dwelt in the unwalled towns, made the fourteenth day of the month Adar a day of gladness and feasting, and a good day, and of sending portions one to another.

In Context

18Men, jwif lavil Souz yo te pran de jou, trèzyèm jou ak katòzyèm jou nan mwa Ada a, pou yo te touye lènmi yo. Nan kenzyèm jou mwa a, yo pa t' touye yon moun ankò. Se jou sa a yo te fè fèt, se jou sa a yo t'ap pran plezi yo.

20Madoche fè ekri tout bagay sa yo, lèfini li voye lèt bay tout jwif ki te nan pwovens peyi wa Asyeris la, kit yo te pre, kit yo te lwen.

Read all of Esther 9

Cross References

Deuteronomy 3:5Tout lavil sa yo te gen bèl defans. Yo te gen ranpa byen wo, gwo baryè ak ba solid pou fèmen baryè yo. Nou te pran tou yon bann lòt lavil ki pa t' gen ranpa.

Deuteronomy 16:11N'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou fè sèvis pou li a, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, domestik nou yo, fanm kou gason, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv k'ap viv ansanm ak nou nan lavil kote nou rete a.

Nehemiah 8:10Okontrè, al lakay nou, fè fèt! Separe vyann gra ak bon ti likè nou genyen ak moun ki pa genyen, paske jou sa a se yon jou nou fèt pou mete apa pou Seyè a. Pa kite lapenn pran nou! Kontantman Bondye ap mete nan kè nou an va ban nou fòs!

Esther 9:22Se jou sa yo jwif yo te fè lènmi yo ba yo lapè. Se mwa sa a sitiyasyon an te chanje pou yo: yo te sispann gen lapenn, kè yo te kontan. Yo pa t' dekouraje, yo t'ap fè fèt. Se pou yo te make jou sa yo tankou jou pou fè fèt ak gwo resepsyon. Jou sa a, se pou yo voye kado yonn bay lòt, se pou yo bay pòv yo kado tou.

Zechariah 2:4Premye zanj lan di dezyèm lan: -Kouri al di jenn gason ou wè ak chenn nan men l' lan: sitèlman pral gen moun ak bèt nan lavil Jerizalèm, yo p'ap bezwen bati miray pou fèmen l'.

Revelation 11:10Tout moun ki rete sou latè pral kontan lè y'a tande de mesie yo mouri. Y'a fè fèt, y'a voye kado yonn bay lòt, paske se pa ti toumante de pwofèt sa yo pa t' toumante moun ki rete sou latè.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Esther 9:19

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Esther 9:18Esther 9Esther 9:20 →