Ecclesiastes 12:2
Lè sa a, limyè solèy la, lalin lan ak zetwal yo ap parèt twoub twoub devan je ou. Syèl la pa janm klè. Lapli poko fin tonbe, tan an gen tan mare ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 48:10Izrayèl te fin granmoun, je l' pa t' bon menm. Li pa t' kapab wè ankò. Jozèf fè pitit li yo pwoche bò kote papa l'. Jakòb pran yo, li bo yo, li pase bra l' nan kou yo.
1 Samuel 4:15Eli te gen katrevendizwitan sou tèt li, li pa t' wè menm nan je l' ankò.
Psalms 42:7(042:8) Yon lanm lanmè rale yon lòt lanm lanmè dèyè l' lè gwo lapli ap tonbe. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo ap pase sou mwen.
Psalms 77:16(077:17) Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo soti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble.
Isaiah 5:30Jou sa a, y'ap gwonde sou pèp Izrayèl la. Y'ap fè bri tankou lanmè lè li move. Voye je, gade peyi a! Se renk fènwa ak tray pou tout moun. Nwaj nwa bouche toupatou nan syèl la!