Ecclesiastes 2:10
Mwen te gen tou sa mwen te vle. Mwen pa janm refize tèt mwen ankenn plezi. Mwen te kontan wè tou sa mwen te travay fè. Se kè kontan sa a ki tout rekonpans mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:6Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l' pou je l' ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l' ki manje tou.
Judges 14:2Li tounen vin di papa l' ak manman l': -Mwen wè lavil Timna yon jenn fi mwen renmen nan moun Filisti yo. Al mande pou li pou mwen.
Psalms 119:37Pa kite m' kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m' swiv chemen ou mete devan m' lan.
Proverbs 23:5Paske, anvan ou bat je ou, li gen tan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, li ale.
Ecclesiastes 2:22Ou travay di, ou pran kont tèt chaje ou, ou pa dòmi pou ou ka fè sa w'ap fè a. Apre sa, kisa sa rapòte ou?
Ecclesiastes 3:22Konsa, mwen wè pa gen pi bon bagay yon moun ka fè sou latè pase jwi sa travay li rapòte l'. Se sèlman sa li ka fè. Epitou, ki moun k'ap fè l' tounen pou l' ka konnen sa k'ap rive apre li fin mouri?