Ecclesiastes 2:11
Apre sa, mwen kalkile sou tou sa m' te fè ak men m', sou tout traka mwen te bay kò m' pou m' te fè yo. Enben! Mwen jwenn sa pa t' vo anyen. Anyen pa rapòte anyen. Konsa, pa gen ankenn pwofi pou tou sa ou fè sou latè beni.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 1:31Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon nèt. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te sizyèm jou a.
Ecclesiastes 1:3Yon moun te mèt pase tout lavi l' ap travay di, ap bay kò l' traka sou latè beni, kisa sa rapòte l'?
Ecclesiastes 1:17Mwen te soti pou m' te konnen diferans ki genyen ant moun ki gen konprann ak moun egare, ant moun ki gen konesans ak moun sòt. Men, la ankò, mwen wè anyen pa rapòte anyen.
Ecclesiastes 2:19Se ka yon moun lespri, se ka yon moun sòt. Pesonn pa konnen. Men, se pou li m'ap kite tou sa mwen te travay di fè ak lespri mwen. Sa a ankò, sa pa vo anyen.
Habakkuk 2:13Travay pèp yo ap fè a pral boule nan dife. Se pou gremesi nasyon yo ap fatige kò yo travay di. Se Seyè a menm k'ap fè sa rive konsa.
1 John 2:16Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti.