Ecclesiastes 3:6
Li fikse lè pou ou chache, lè pou ou pèdi, lè pou ou fè ekonomi, lè pou ou gaspiye lajan,
Bib La
In The King James Version
A time to get, and a time to lose; a time to keep, and a time to cast away;
In Context
7lè pou ou dechire, lè pou ou koud, lè pou ou rete san pale, lè pou ou pale.
Cross References
Genesis 30:30Ti sa ou te genyen anvan m' te vini an tounen yon kantite depi mwen mete pye m' isit la. Akòz mwen Seyè a pa manke beni ou. Alekile, li lè pou m' al travay pou tèt pa mwen.
Exodus 12:35Moun pèp Izrayèl yo te fè sa Moyiz te di yo a. Yo mande moun peyi Lejip yo bijou an ajan, bijou an lò ansanm ak rad.
2 Kings 5:26Elize di li: —Mwen te la avè ou, nan lespri m', lè nonm lan desann soti sou cha li a pou l' resevwa ou. Men se pa lè sa a pou nou resevwa lajan ak rad ni pou n' achte jaden oliv, jaden rezen, bèf, mouton, kabrit, osinon fanm ak gason pou sèvi nou esklav.
2 Kings 8:9Se konsa Azayèl al wè Elize, li pran tout kalite bon bagay li jwenn lavil Damas, li chaje yo sou karant chamo pote bay Elize. Lè li rive devan Elize, li di l' konsa: —Pitit ou, Bennadad, wa peyi Siri a, voye m' vin mande ou si l'ap leve anba maladi l' la.
Ecclesiastes 11:1Fè byen san gad dèyè. Yon lè konsa, w'a jwenn rekonpans ou.
Jonah 1:5Marin yo te pè anpil. Chak moun t'ap lapriyè bondye pa yo. Pou yo te ka soulaje batiman an, yo lage dènye chay nan lanmè. Jonas menm poutèt pa l' te desann nan lakal batiman an, li kouche kouche l'. Dòmi pote l' ale.