Ecclesiastes 5:13
Men mwen wè sou latè yon bagay ki fè lapenn anpil: Moun sere lajan epi sa vire mal pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Yon malè pase, tout lajan an pèdi. Li vin fè yon pitit, li pa gen anyen pou l' ba li.
Cross References
Genesis 13:5Lòt menm, neve ki t'ap vwayaje ansanm avèk Abram lan, te gen mouton ak bèf pa l' tou. Li te gen moun tout avèk li.
Genesis 19:14Lòt soti, li al jwenn mari pitit fi li yo, li di yo. Leve non, fè vit, ann met deyò. Seyè a pral detwi lavil la. Men bofi li yo te kwè se jwe li t'ap jwe.
Genesis 19:31Pi gran fi a di pi piti a. Papa nou ap fin granmoun. Pa gen gason nan peyi a pou marye ak nou pou nou ka fè pitit jan sa fèt toupatou.
Proverbs 1:19Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakòz malè rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wè pase vòlò.
Proverbs 11:4Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou.
Proverbs 23:4Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa.