Proverbs 11:4
Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou.
Bib La
In The King James Version
Riches profit not in the day of wrath: but righteousness delivereth from death.
In Context
Cross References
Genesis 7:1Seyè a di Noe: Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k'ap viv koulye la a, se ou menm sèl mwen wè k'ap mache dwat devan mwen.
Job 36:18Veye zo ou! Pa kite richès vire tèt ou ankò! Pa kite yo achte ou ak lajan osinon ak gwo kado!
Proverbs 10:2Byen ou rive fè nan move kondisyon p'ap rapòte ou anyen. Men, lè ou serye, ou sove lavi ou.
Isaiah 10:3Kisa n'a fè lè Bondye va fè malè soti byen lwen vin tonbe sou nou? Kay ki moun n'a kouri al chache sekou ak pwoteksyon? Ki kote n' aval kache tout richès nou yo?
Ezekiel 14:14Si twa moun dwat sa yo, Noe, Danèl ak Jòb, ta nan mitan yo, se yo menm ase ki t'ap sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Matthew 16:26Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l' gen lavi?