Ecclesiastes 5:8
Ou pa bezwen sezi lè ou wè nan yon peyi, chèf ap peze pòv malere. Yo refize rann yo jistis, yo derefize defann dwa inonsan yo. Chak chèf gen yon gwo chèf dèyè l'. Lèfini yo tou de gen yon pi gwo chèf ankò dèyè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Travay latè se yon avantaj pou tout moun, ata pou wa a. Se sou sa li konte tou.
Cross References
1 Chronicles 21:15Seyè a te voye zanj li sou lavil Jerizalèm pou detwi l'. Lè zanj lan konmanse fè travay li, Seyè a wè sa, li fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! Kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre glasi Onan an, moun lavil Jebis la.
Job 20:19Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati.
Job 27:8Ki espwa ki gen pou mechan an lè Bondye rele l', lè li pral pran nanm li?
Psalms 12:5(012:6) Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.
Psalms 58:10(058:11) Moun ki mache dwat devan Bondye gen pou yo kontan lè yo wè jan yo pini mechan yo. Y'a lave pye yo nan san mechan yo.
Psalms 83:18(083:19) Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.