Job 20:19
Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati.
Bib La
In The King James Version
In Context
18L'ap blije bay tou sa li te travay fè. Li p'ap gen chans jwi richès li yo.
20Li pa t' janm gen kont li. Men, richès li p'ap ka delivre l'.
Cross References
1 Samuel 12:3Koulye a, men mwen! Se pou nou di m' devan Seyè a, devan wa li chwazi a, sa mwen janm fè nou. Eske mwen janm pran bèf osinon bourik yonn nan nou? Eske mwen janm pwofite sou pesonn? Eske mwen janm aji mal ak pesonn? Eske mwen janm pran lajan nan men pesonn pou m' kache anyen pou li? Si mwen janm fè bagay konsa, m'ap renmèt sa m' te pran an.
Job 18:15Koulye a, nenpòt moun gen dwa pran kay li a pou yo. Y'ap dezenfèkte l' nèt ak souf.
Job 22:6Ou fè frè ou ba ou garanti pou lajan li pa t' dwe ou. Ou pran ata rad ki sou li, ou kite l' toutouni.
Job 31:13Lè domestik mwen osinon sèvant mwen gen kont avè m', si mwen ta refize mete rezon an kote l' ye a,
Job 35:9Lè moun ap sibi anba ponyèt lòt moun, yo plenyen. Lè se chèf k'ap peze yo, yo rele.
Psalms 12:5(012:6) Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.