Ecclesiastes 7:1
Pito yo nonmen non ou anbyen pase pou yo pale sou kalite bon odè ou mete sou ou. Jou ou mouri a pi bon pase jou ou fèt la.
Bib La
In The King James Version
A good name is better than precious ointment; and the day of death than the day of one’s birth.
In Context
Cross References
Ruth 3:14Se konsa Rit kouche la nan pye l'. Men, anvan bajou kase, li leve pou moun pa wè l', paske Bòz pa t' vle pesonn konnen li te la.
Psalms 133:2Se tankou yon lwil santi bon yo vide sou tèt Arawon, k'ap koule sou bab li desann nan kou rad li.
Proverbs 22:1Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò.
Proverbs 27:9Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj.
Ecclesiastes 10:1Mouch mouri gate tout boutèy odè. Yo fè l' santi. Konsa tou, yon sèl ti betiz ka fè tout gwo konesans ou pase pou anyen. Sa ka fè moun pa respekte ou ankò.
Song of Solomon 4:10Ala dous karès ou yo dous, sò mwen, bèl nègès mwen! Karès ou yo pi dous pase siwo myèl. Sant kò ou pi bon pase tout kalite fèy santi bon.