Ecclesiastes 7:2
Pito ou ale nan yon kay kote ki gen lanmò pase pou ou ale nan yon kay kote y'ap fè fèt, paske tout moun gen pou mouri. Nou menm ki vivan, nou pa dwe janm bliye sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Pito yon moun nan lapenn pase pou l' gen kè kontan. Lapenn rale figi ou, men l'ap louvri lespri ou.
Cross References
Genesis 49:2Sanble, vin koute non, pitit Jakòb yo! vin koute sa Izrayèl, papa nou, pral di nou.
Numbers 23:10Ki moun ki ka konte valè pitit Jakòb genyen? Yo anpil tankou grenn pousyè ki sou latè. Ki moun ki ka konte valè pitit Izrayèl yo ye? Mwen ta renmen mouri tankou moun ki mache dwat devan Bondye. Mwen ta renmen fini tankou yo ak kè poze.
Deuteronomy 32:46li di yo konsa: -Se pou nou koute tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. Y'a sèvi m' temwen mwen te fè nou konnen yo. Nou menm, n'a pase pitit nou yo lòd pou yo kenbe yo, pou yo swiv tout pawòl ki nan lalwa Bondye a.
Psalms 90:12Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.
Isaiah 5:11Madichon pou moun k'ap leve granmaten pou yo ale chache gwòg pou yo bwè, pou moun k'ap rete byen ta lannwit pou bwè diven jouk yo sou!
Isaiah 47:7Ou te mete nan tèt ou ou t'ap toujou larenn. Ou pa t' rete kalkile bagay sa yo byen nan tèt ou. Ou pa t' kalkile ki jan sa tapral fini.