Ecclesiastes 7:10
Pa janm mande poukisa tan lontan te pi bon pase tan n'ap viv koulye a. Moun ki gen bon konprann p'ap mande bagay konsa.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Pa fè kòlè fasil, paske se moun sòt ki renmen fache.
Cross References
Genesis 6:11Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste.
Psalms 14:2Seyè a rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'.
Jeremiah 44:17N'ap toujou fè sa nou te pwomèt fè a. N'ap ofri lansan ak diven bay Astate, larenn syèl la, jan nou te toujou fè l' jouk jòdi a, menm jan zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè l' nan lavil peyi Jida yo ak nan tout lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen kont manje pou n' manje, tout zafè nou te mache byen. Nou pa t' gen pwoblèm.
Romans 3:9Men, sa sa ye menm? Nou menm jwif, èske nou pi bon pase moun lòt nasyon yo? Non, se pa vre menm. Mwen deja moutre nou sa: tout moun, ou te mèt jwif, ou te mèt pa jwif, tout moun anba pouvwa peche a.