Ecclesiastes 7:12
Bon konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l'. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l' konnen an ap fè l' viv.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Gade travay Bondye! Ki moun ki ka drese sa Bondye kwochi?
Cross References
Deuteronomy 32:47Paske, se pa pawòl nou ka pran konsa konsa. Se lavi yo ye pou nou. Se yo menm k'ap fè nou viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n'a fin janbe lòt bò larivyè Jouden an.
Job 1:10Ou toujou pwoteje l', li menm, moun lakay li ansanm ak tou sa li genyen. Ou beni tou sa l'ap fè. Bèt li yo plen peyi a.
Psalms 57:1(057:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè li te al kache nan gwòt la pou Sayil ki t'ap kouri dèyè l'. (057:2) Gen pitye pou mwen, Bondye! -Gen pitye pou mwen! Paske, se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Se anba zèl ou m'ap kache jouk lè danje a fin pase.
Proverbs 2:11Entèlijans ou p'ap kite anyen rive ou, konesans ou pral yon pwoteksyon pou ou.
Proverbs 8:35Lè yon moun jwenn mwen, se lavi li jwenn. Li antre nan favè Bondye.
Proverbs 11:4Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou.