Ecclesiastes 7:4
Moun ki gen bon konprann toujou ap kalkile sou lanmò. Moun sòt toujou ap kalkile sou ki jan pou yo jwi lavi a.
Bib La
In The King James Version
The heart of the wise is in the house of mourning; but the heart of fools is in the house of mirth.
In Context
3Pito yon moun nan lapenn pase pou l' gen kè kontan. Lapenn rale figi ou, men l'ap louvri lespri ou.
Cross References
1 Samuel 25:36Abigayèl tounen al jwenn Nabal lakay li. Nabal t'ap fè yon gwo resepsyon, parèy ak resepsyon wa yo konn fè. Nabal te sou anpil, kè l' te kontan. Madanm lan pa di l' anyen jouk nan denmen maten.
2 Samuel 13:28Epi li bay domestik li yo lòd sa a, li di yo: -Gade byen, lè n'a wè Anmon ak bon gwòg nan tèt li, m'a di nou: Desann Amnon. n'a touye l'. Nou pa bezwen pè, mwen pran tout reskonsablite a sou mwen. Mete gason sou nou. Frape san tranble.
Nehemiah 2:2Epi li di m' konsa: -Ki jan figi ou fè rale konsa? Se pa malad ou malad? Kisa k'ap fè ou lapenn konsa? Lè sa a m'ap mande nan kè m' sa ki pral rive m'.
Isaiah 53:3Nou pa t' gade l' menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l'. Nou pa t' okipe l', nou pa t' pran ka l' menm.
Jeremiah 51:57M'ap soule chèf li yo, moun save ak majistra li yo, chèf lame ak sòlda li yo. Yo pral dòmi nèt ale, yo p'ap janm leve. Se mwen menm wa a ki pale, mwen menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a.
Daniel 5:30Menm jou lannwit sa a, yo touye Bèlchaza, wa lavil Babilòn lan.