Ecclesiastes 9:1
Mwen kalkile anpil sou bagay sa yo. Mwen repase bagay sa yo byen repase nan tèt mwen. Mwen wè se Bondye k'ap dirije lavi tout moun, ni moun ki gen bon konprann, ni moun ki mache dwat yo. Li kontwole tou sa y'ap fè, kit yo renmen, kit yo rayi. Pesonn pa konn anyen sou sa k'ap tann yo pi devan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 33:3Seyè a renmen tout pèp sou latè. Men, li pwoteje tout moun k'ap viv apa pou li. Yo bese nan pye l'. Yo resevwa lòd l'ap ba yo.
2 Samuel 15:25Apre sa, wa a di Zadòk konsa: -Pote Bwat Kontra a tounen nan lavil la. Si Seyè a pran plezi nan mwen, yon jou l'a kite m' tounen pou m' wè bwat la ansanm ak kote l' rete a.
Job 12:10Bondye gen nanm tout sa ki vivan nan men li. Wi, lavi tout moun nan men li.
Psalms 10:14Men, ou make tout bagay. Ou konnen soufrans ak lapenn lèzòm. Ou toujou pare pou ede yo. Moun ki san defans yo, se nan men ou yo lage kòz yo, paske ou toujou ede moun ki san papa.
Psalms 37:5Renmèt kòz ou nan men Seyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.
Psalms 73:11Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l' ta pase pou li konnen?