Ephesians 3:2
Mwen kwè nou konnen deja ki jan Bondye, nan bon kè l', te ban m' travay sa a pou m' te fè pou nou.
Bib La
In The King James Version
If ye have heard of the dispensation of the grace of God which is given me to youward:
In Context
Cross References
Acts 9:15Men, Seyè a di li: Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l' pou sèvis mwen, pou l' fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la.
Acts 13:46Men, Pòl ak Banabas di yo kareman: Se nou menm premye moun ki pou te resevwa Pawòl Bondye a. Men, n'ap repouse l', nou pa konsidere tèt nou bon ase pou n' antre nan lavi ki p'ap janm fini an. Enben, koulye a nou pral vire bò kote moun lòt nasyon yo.
Acts 26:17M'a delivre ou anba men pèp jwif yo, anba men moun lòt nasyon yo. Se mwen menm k'ap voye ou ba yo,
Romans 11:13Koulye a, nou menm moun lòt nasyon yo, mwen gen sa pou m' di nou: Se apòt nou mwen ye, se vre. Mwen kontan anpil travay m'ap fè a.
Romans 15:15Men, mwen te penmèt mwen ekri nou sou anpil pwen nan lèt mwen an pou mwen te ka fè nou chonje sa nou te konnen deja. Mwen te penmèt mwen fè sa poutèt favè Bondye te fè m' lan,
1 Corinthians 9:17Si se mwen ki te chwazi tèt mwen pou fè travay sa a, mwen ta ka gen espwa resevwa lajan pou sa. Men, si se fòse yo fòse m' fè travay sa a, lè sa a se yon reskonsablite Bondye ban mwen.