Akdèzapot 9:15
Men, Seyè a di li: Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l' pou sèvis mwen, pou l' fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Mwen menm, m'a moutre l' tou sa li gen pou l' soufri pou mwen.
Cross References
Exodus 4:12Bon, ou mèt ale. m'a ede ou lè ou gen pou ou pale, m'a moutre ou sa ou gen pou di.
Jeremiah 1:7Men, Seyè a di mwen: -Pa di se timoun ou ye. Ou gen pou ou ale bò kot tout moun m'ap voye ou. W'a di yo tou sa m'a ba ou lòd di yo.
Matthew 10:18y'a fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m' temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo.
Acts 13:2Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a.
Acts 22:21Lè sa a, Seyè a di mwen: Ale, m'ap voye ou byen lwen, bò kote moun ki pa jwif yo.
Acts 26:17M'a delivre ou anba men pèp jwif yo, anba men moun lòt nasyon yo. Se mwen menm k'ap voye ou ba yo,