Esther 2:14
Se yon jou swa yo toujou mennen l'. Nan maten, yo fè l' ale nan yon lòt kay wa a te genyen pou fanm kay li yo. Yo renmèt li nan men Chagaz ki te reskonsab kay sa a. Jenn fi a pa t' gen pou l' te tounen kay wa a ankò, esepte si wa a te vle. Lè konsa, se wa a ki pou bay non fi li vle a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 21:14Si apre sa, rive yon lè nonm lan pa renmen l' ankò, l'a kite l' al fè wout li. Li p'ap ka vann li pou lajan, ni li pa ka aji avè l' tankou yon esklav, paske se fòse li te fòse l' vin madanm li.
Isaiah 43:1Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Seyè a ap di nou koulye a, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l'ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l': -Nou pa bezwen pè anyen! M'ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye.
Isaiah 62:4Yo p'ap rele ou ti mepriz ankò. Yo p'ap konsidere peyi ou la tankou yon madanm mari l' kite l'. Y'a rele ou Kè kontan pou Bondye. Y'a rele peyi ou la Bèl madan marye. Paske ou fè Seyè a plezi, l'ap tankou yon mari pou peyi ou la.