Esther 4:11
Tout moun k'ap travay ak wa a ansanm ak tout pèp lòt peyi ki sou lòd li yo konn sa. Sèl jan pou l' pa mouri se si wa a lonje baton an lò a bay moun lan. Mwen menm, gen yon mwa depi wa a pa mande pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Lè Atach bay Madoche mesaj Estè a,
Cross References
Esther 1:19Si wa a dakò, se pou l' fè yon deklarasyon pou l' fè tout moun konnen larenn Vachti pa janm gen dwa parèt devan l' ankò. Li pral chwazi yon lòt madanm pi bon pase l' mete larenn nan plas li. Lèfini, l'a fè ekri lòd sa a nan liv lalwa peyi Pès ak peyi Medi a, pou yo pa janm chanje l'.
Esther 5:1Sou twazyèm jou a, Estè mete rad larenn li sou li, li ale, li kanpe nan lakou anndan palè a, devan salon wa a. Wa a te chita sou fòtèy li anndan salon an anfas pòt pou antre a.
Esther 6:4Wa a mande: -Kilès nan chèf yo ki nan lakou palè a? Lè sa a, Aman te fèk antre nan lakou palè a. Li te vin mande wa a pou l' te fè pann Madoche nan poto li te pare a.
Daniel 2:9si nou pa rakonte m' rèv la, m'ap fè nou tout pase menm jan an. Nou mete tèt ansanm pou nou ban m' manti, paske nou kwè yon lè sa va chanje. Se nou ki pou rakonte m' rèv mwen te fè a. Lè sa a, m'a konnen nou ka di m' sa rèv la vle di.