The Bible Software
bible.software › Esther › Esther 6 › Esther 6:3

Esther 6:3

Wa a mande: -Kisa yo te fè pou Madoche lè sa a? Kisa yo te ba li pou sa? Mesye ki te la ap sèvi wa a reponn: -Yo pa t' fè anyen pou li non.

Bib La

In The King James Version

And the king said, What honour and dignity hath been done to Mordecai for this? Then said the king’s servants that ministered unto him, There is nothing done for him.

In Context

2Nan sa yo li a, te gen yon pòsyon kote yo te rakonte ki jan Madoche te dekouvri konplo de nan domestik konfyans wa a, Bigtan ak Tèrèch, ki t'ap fè pòs devan chanm wa a, te moute pou yo ansasinen wa a.

4Wa a mande: -Kilès nan chèf yo ki nan lakou palè a? Lè sa a, Aman te fèk antre nan lakou palè a. Li te vin mande wa a pou l' te fè pann Madoche nan poto li te pare a.

Read all of Esther 6

Cross References

Genesis 40:23Men, chèf kanbiz la pa dòmi reve Jozèf, li bliye l' nèt.

1 Samuel 17:25Yonn t'ap di lòt: -Gade nonm lan non! Tande jan l'ap mete nou an defi! Si yon moun rive bat nonm sa a, wa a ap fè moun sa a rich, l'ap marye l' ak pitit fi li. Lèfini, l'ap bay tout fanmi l' yo dwa pou yo pa janm bezwen peye ankenn taks nan peyi Izrayèl.

Psalms 118:8Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun.

Daniel 5:7Li rele byen fò, li mande pou fè chache tout divinò, tout moun ki li zetwal ak tout nèg save ki rete lavil Babilòn yo. Lè yo vini, wa a di yo konsa: -Nenpòt moun ki ka li sa ki ekri la a, lèfini ki ka fè m' konnen sa li vle di, m'ap mete gwo manto wouj la sou li, m'ap pase yon chenn an lò nan kou l'. Apre sa, m'ap ba li twazyèm plas apre m' nan gouvènman m' lan.

Daniel 5:29Lamenm, wa Bèlchaza bay lòd pou yo mete gwo manto wouj la sou Danyèl, pou yo pase yon chenn an lò nan kou li, lèfini pou yo fè tout moun konnen Danyèl se twazyèm chèf apre li nan gouvènman peyi kote l' wa a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Esther 6:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Esther 6:2Esther 6Esther 6:4 →