Esther 7:4
Paske yo vann nou, mwen menm ansanm ak tout pèp mwen an, pou yo ka masakre nou, touye nou, disparèt nou nèt. Si se vann yo te vann nou pou fè nou tounen esklav, mwen pa ta di anyen, mwen pa ta deranje ou pou sa ase. Men, moun ki pa vle wè nou an p'ap janm ka ranplase pèt l'ap fè ou fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Wa Asyeris mande larenn Estè: -Ki moun ki penmèt li gen lide fè bagay konsa? Kote moun lan?
Cross References
Deuteronomy 28:68Seyè a va fè nou tounen nan peyi Lejip nan bato, atout se li menm ki te pwomèt nou pa t'ap janm tounen la ankò. N' aval vann tèt nou bay lènmi nou yo pou nou sèvi yo esklav, men pesonn p'ap vle achte nou.
1 Samuel 22:23Ou mèt rete avè m'. Ou pa bezwen pè. Koulye a Sayil pral chache touye ni ou ni mwen. Bò kote m', anyen p'ap rive ou.
Esther 3:9Si wa a ta vle, li ta bay lòd pou yo touye yo. Si wa a fè sa, m'ap ranmase twasanswasannkenz (0375) tòn ajan nan men anplwaye leta yo m'a mete nan kès wa a.
Esther 4:7Madoche rakonte l' tou sa ki te rive l', ki jan Aman te pwomèt pou l' te bay anpil lajan pou mete nan kès wa a si wa a te dakò pou yo masakre tout jwif yo.
Esther 8:6Mwen p'ap ka rete konsa pou m' wè malè sa a ap tonbe sou moun pèp mwen yo, pou m' wè y'ap touye tout fanmi m' yo.
Psalms 44:22(044:23) Men, se poutèt ou tout tan yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap pare pou labatwa.