Esther 9:20
Madoche fè ekri tout bagay sa yo, lèfini li voye lèt bay tout jwif ki te nan pwovens peyi wa Asyeris la, kit yo te pre, kit yo te lwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 31:19Koulye a, ekri chante sa a. W'a moutre tout moun pèp Izrayèl yo li, pou l' ka nan bouch yo tout, epi pou l' sa sèvi m' temwen kont yo.
Esther 1:1Vwala se te sou rèy wa Asyeris. Li t'ap gouvènen sanvennsèt (0127) pwovens depi peyi Lend rive peyi Letiopi.
Esther 3:12Se konsa, nan trèzyèm jou premye mwa a, Aman fè rele tout sekretè wa yo, li ba yo yon piblikasyon pou yo mete nan lang chak peyi, jan yo ekri lang lan nan peyi a. Lèfini, li bay lòd pou yo voye l' bay tout prefè wa a, tout gouvènè pwovens yo ak tout chèf lòt pèp yo. Piblikasyon an te fèt nan non wa Asyeris. Lèfini, li mete so bag wa a anba li.
Psalms 124:1Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa.
2 Corinthians 1:10Se li menm ki delivre m' anba tout gwo danje lanmò sa yo. Se li menm k'ap toujou la pou delivre m'. Wi, mwen gen espwa l'ap toujou delivre mwen,