Esther 9:27
jwif yo make dat sa a pou yo toujou fè fèt jou sa yo. Yo pran angajman pou yo, pou pitit yo ak pitit pitit yo, ak pou tout moun ki ta vle fè yo jwif, pou chak lanne lè de jou sa yo rive pou yo toujou fè fèt jan Madoche te ekri l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 15:15Nan peyi a, se va yon sèl regleman pou tout moun, ni pou nou menm ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, yon sèl regleman pou tout tan, de pitit an pitit: Se va menm bagay la ni pou nou ni pou moun lòt nasyon yo devan Seyè a.
Deuteronomy 29:14Men, se pa avèk nou menm sèlman l'ap pase kontra li te fè nou sèmante pou n' kenbe a.
Judges 11:40pou chak lanne medam pèp Izrayèl yo soti al pase kat jou ap kriye pou pitit fi Jefte, moun peyi Galarad la.
2 Samuel 21:1Sou rèy wa David, vin gen yon gwo grangou pandan twazan yonn apre lòt. Lè sa a, David al mande Seyè a sa k'ap pase. Seyè a reponn li: -Se krim Sayil ak fanmi l' yo te fè ki lakòz grangou sa a, paske yo te sasinen moun lavil Gabawon yo.
Esther 9:21Li voye di yo pou yo te toujou pran de jou sa yo, katòzyèm ak kenzyèm jou nan mwa Ada a, pou jou fèt chak lanne.
Isaiah 2:3Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y'a di: -Ann ale sou mòn Seyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n'a mache nan chemen l'ap mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a.