2 Samuel 21:1
Sou rèy wa David, vin gen yon gwo grangou pandan twazan yonn apre lòt. Lè sa a, David al mande Seyè a sa k'ap pase. Seyè a reponn li: -Se krim Sayil ak fanmi l' yo te fè ki lakòz grangou sa a, paske yo te sasinen moun lavil Gabawon yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 26:1Te vin gen yon lòt grangou nan peyi a, pi rèd pase sa ki te tonbe sou peyi a nan tan Abraram lan. Lè sa a, Izarak ale yon kote yo rele Gera kay Abimelèk, wa moun Filisti yo.
Genesis 43:1Grangou t'ap bat pi rèd nan peyi Kanaran an.
Leviticus 26:26M'ap koupe viv nou. Yon sèl fou ap kont pou dis fanm pare pen pou tout fanmi yo. Y'a kontwole sa y'ap bay chak moun. Lè n'a fin manje, se atò n'a grangou.
Joshua 7:1Men, pèp Izrayèl la te dezobeyi lòd Seyè a te bay pou yo pa t' pran anyen nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Te gen yon nonm nan branch fanmi Jida a ki te rele Akan. Se te pitit Kami. Kami sa a te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak. Akan sa a te pran kichòy nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Kifè Seyè a te move anpil sou pèp Izrayèl la.
Joshua 9:20Konsa, poutèt sèman nou te fè a, se pou nou kite yo viv. Paske, si nou fè yo anyen, Bondye va pini nou.
1 Samuel 10:22Y' al mande Seyè a si pa gen lòt moun ankò. Seyè a reponn: -Men Sayil kache dèyè pwovizyon yo!