Exodus 1:17
Men, fanmchay yo te gen krentif pou Bondye. Yo pa t' fe sa wa Lejip la te ba yo lòd fè a. Yo te kite ti gason yo viv tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 42:18Sou twazyèm jou a, Jozèf di yo: -Men sa pou n' fè, si nou vle sove lavi nou: Mwen menm mwen se moun ki respekte Bondye.
1 Samuel 22:17Lèfini, li di gad ki te kanpe bò kote l' yo: -Touye prèt Seyè yo. Yo menm tou y'ap fè konplo ak David la. Yo te konnen byen pwòp se sove msye t'ap sove, yo pa di m' anyen. Men gad yo refize leve men yo sou prèt Seyè a pou touye yo.
Nehemiah 5:15Gouvènè ki te la anvan m' yo te konn ap peze pèp la: chak jou yo te konn pran karant pyès an ajan pou pen ak diven. Ata moun ki t'ap travay avèk yo te konn ap peze pèp la tou. Men mwen menm, mwen pa t' fè sa, paske mwen te gen krentif Bondye.
Psalms 31:19(031:20) Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w'ap pwoteje moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl ou!
Proverbs 16:6Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal.
Ecclesiastes 8:12Yon moun k'ap fè sa ki mal gen dwa fè san (0100) krim, yonn sou lòt, epi l'ap toujou mache sou moun. Men, mwen konnen yo di tou: Si ou gen krentif pou Bondye, w'ap viv ak kè kontan, paske ou respekte Bondye.