Exodus 10:19
Seyè a fè yon gwo van lwès soufle fwa sa a. Van an pote tout krikèt yo al jete nan lanmè Wouj la. Pat rete yon sèl grenn krikèt nan tout peyi Lejip la.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Moyiz soti kay farawon an. Li lapriyè Seyè a.
20Men Seyè a fè farawon an fè tèt di ankò. Farawon an pa kite moun pèp Izrayèl yo ale.
Cross References
Exodus 13:18Se konsa, Bondye fè pèp la pran chemen dezè a nan direksyon lanmè Wouj la. Pèp Izrayèl la te soti kite peyi Lejip la tankou yon lame.
Joel 2:20Mwen pral chase lame krikèt la byen lwen nou. Wi, lame krikèt ki te soti nan nò a. M'ap voye yo ale nan dezè a, kote ki pa gen dlo, kote ki pa gen pyebwa. Tèt lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy leve a, lanmè Mouri a. Ke lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy kouche a, lanmè Mediterane a. Kadav yo pral pouri, y'ap bay move sant. Seyè a fè anpil bagay pou nou.