Joel 2:20
Mwen pral chase lame krikèt la byen lwen nou. Wi, lame krikèt ki te soti nan nò a. M'ap voye yo ale nan dezè a, kote ki pa gen dlo, kote ki pa gen pyebwa. Tèt lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy leve a, lanmè Mouri a. Ke lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy kouche a, lanmè Mediterane a. Kadav yo pral pouri, y'ap bay move sant. Seyè a fè anpil bagay pou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Nou menm jaden yo, nou pa bezwen pè ankò. Fè fèt, fè kè nou kontan, paske Seyè a fè anpil pou nou!
Cross References
Exodus 10:19Seyè a fè yon gwo van lwès soufle fwa sa a. Van an pote tout krikèt yo al jete nan lanmè Wouj la. Pat rete yon sèl grenn krikèt nan tout peyi Lejip la.
2 Kings 8:13Azayèl mande l': —Kisa m' ye menm pou m' ta rive fè tou sa? Mwen pa pi bon pase yon chen. Elize reponn li: —Seyè a fè m' konnen se ou ki pral wa peyi Siri.
Isaiah 34:3Yo p'ap antere kadav moun mouri yo. Y'ap kite yo pouri santi. Tout mòn yo pral wouj ak san.
Ezekiel 39:12Moun Izrayèl yo pral pran sèt mwa pou yo antere tout kadav yo, anvan pou peyi a nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye ankò.
Ezekiel 47:18Sou bò solèy leve, fwontyè a ap pati nan yon bòn ki ant peyi Damas la ak peyi Oran an. L'ap desann nan direksyon sid jouk larivyè Jouden an k'ap sèvi fwontyè ant peyi Izrayèl la sou bò solèy kouche ak peyi Galarad sou bò solèy leve. L'a desann toujou jouk li rive lavil Tama, bò lanmè Mouri a.
Joel 2:2Se va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nwaj nwa, yon jou kote nwaj nwa ak pousyè pral kouvri latè. Yon lame krikèt ap vanse. Yo gwonèg anpil! Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo. Se bagay nou poko janm wè, bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba.