Exodus 10:2
Konsa tou, n'a rakonte pitit nou yo ak pitit pitit nou yo sa mwen te fè moun peyi Lejip yo pase ak kalite mèvèy mwen te fè nan mitan yo. Lè sa a nou tout n'a konnen se mwen menm menm ki Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 7:17Jòdi a, men sa Seyè a di: mwen pral fè ou konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen pral frape dlo gwo larivyè a avèk baton ki nan men m' lan, dlo a pral tounen san.
Exodus 12:26Lè timoun nou yo va mande nou sa seremoni sa a vle di,
Exodus 13:14Denmen, lè pitit gason nou yo va mande nou poukisa nou fè sa, n'a di yo: Se paske se ak fòs ponyèt li Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la.
Exodus 14:18Lè m'a bat farawon an ansanm ak tout cha li yo ak kavalye li yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a.
Deuteronomy 6:20Yon jou, lè pitit nou yo va mande nou poukisa Seyè a, Bondye nou an, mande nou pou nou swiv tout lòd, tout prensip ak tout kòmandman sa yo,
Psalms 44:1(044:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (044:2) Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan.