Exodus 10:6
Y'ap anvayi tout kay ou yo, kay tout moun pa ou yo ak kay tout moun nan peyi a. Se bagay granpapa nou yo ak zansèt nou yo pa t' janm wè depi yo fèt jouk jounen jòdi a. Apre sa, Moyiz vire do l', li soti kay farawon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 8:21Si ou pa kite pèp mwen an ale, mwen pral voye mouchavè sou ou, sou moun pa ou yo, sou tout pèp ou a ak nan tout kay yo. Mouchavè pral plen kay moun peyi Lejip yo, yo pral kouvri tout peyi a.
Exodus 9:24Lagrèl t'ap tonbe, zèklè t'ap fè yanyan nan syèl la. Se te pi gwo kout tan ki te tonbe sou peyi a depi peyi a peyi.
Exodus 10:14Krikèt yo tonbe sou peyi Lejip la, yo poze toupatou nan peyi a. Moun pa t' janm wè kantite krikèt konsa, epi se bagay yo p'ap janm wè ankò.
Exodus 11:8Lè sa a, tout moun pa ou yo pral desann vin kote mwen. Y'ap bese tèt yo jouk atè devan mwen. y'a di m': Ale non, ou menm ansanm ak tou pèp ou a. Se lè sa a, m'a pati. Lèfini, Moyiz soti byen fache lakay farawon an.
Joel 2:9Yo pran lavil la pou yo. Yo kouri moute sou miray yo. Yo moute anwo kay yo, yo pase antre nan fennèt yo tankou vòlò.