Exodus 10:14
Krikèt yo tonbe sou peyi Lejip la, yo poze toupatou nan peyi a. Moun pa t' janm wè kantite krikèt konsa, epi se bagay yo p'ap janm wè ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:18Koute! Fwa sa a, denmen mwen pral fè lagrèl tonbe tankou lapli, bagay moun poko janm wè nan peyi Lejip, depi peyi a peyi jouk jounen jòdi a.
Exodus 11:6Pral gen yon sèl gwo rèl nan tout peyi a, rèl moun poko janm tande, rèl moun p'ap janm tande ankò.
1 Kings 8:37Lè va gen grangou nan peyi a, osinon lè move maladi lapès va tonbe sou li, lè plant yo va cheche nan van cho, lè krikèt ak chwal bondye va ravaje jaden yo, lè lènmi va sènen lavil nou yo pou atake pèp la, lè nenpòt maladi osinon nenpòt malè va tonbe sou pèp la,
Psalms 105:34Bondye annik pale, chwalbwa parèt, chini vide an kantite.
Joel 1:2Nou menm vye granmoun yo, koute byen! Nou menm ki rete nan peyi Jida a, louvri zòrèy nou! Eske nan tan pa nou, osinon nan tan zansèt nou yo bagay konsa te janm rive?
Joel 2:1Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay siyal la sou mòn ki apa pou Bondye a! Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble, paske jou Seyè a pa lwen rive. L'ap pwoche.