Exodus 12:23
Konsa, lè Seyè a va pase nan peyi Lejip la pou touye moun peyi Lejip yo, l'a wè san an sou chanbrann yo ak sou lento a, l'ap pase devan pòt la, li p'ap kite moun ki reskonsab pou touye a antre lakay nou pou touye nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
24N'a fè tout bagay sa yo sèvi tankou yon lwa ki la pou tout tan, ni pou nou ni pou pitit nou yo.
Cross References
Exodus 12:12Jou lannwit sa a, m'ap pase nan tout peyi Lejip la, m'ap touye tout premye pitit gason ak tout premye pitit bèt yo ki nan peyi a. M'ap regle tout bondye peyi Lejip yo. Se mwen menm ki Seyè a.
2 Samuel 24:16Lè zanj Seyè a te prèt pou lonje men l' sou lavil Jerizalèm pou detwi l', Seyè a fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre gwo glasi Araounak, moun lavil Jebis la.
Isaiah 37:36Zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.
Ezekiel 9:6Touye ni granmoun, ni jenn gason, ni jenn fi, ni fanm, ni timoun. Men, pa manyen moun ki gen mak sou fwon yo. Konmanse depi nan tanp mwen an. Yo konmanse ak chèf fanmi ki te kanpe nan Tanp lan.
Hebrews 11:28Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè li te fete fèt Delivrans lan, li bay lòd make pòt kay yo ak san an pou zanj Bondye a pa t' touye premye pitit gason pèp Izrayèl yo.
Revelation 7:3Poko fè ni tè a, ni lanmè a, ni piebwa yo okenn donmaj. Tann nou fin make sèvitè Bondye yo ak letanp lan sou fwon yo.