Isaiah 37:36
Zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
37Senakerib, wa peyi Lasiri a, leve, li pati. Li tounen lavil Niniv.
Cross References
Exodus 12:23Konsa, lè Seyè a va pase nan peyi Lejip la pou touye moun peyi Lejip yo, l'a wè san an sou chanbrann yo ak sou lento a, l'ap pase devan pòt la, li p'ap kite moun ki reskonsab pou touye a antre lakay nou pou touye nou.
2 Samuel 24:16Lè zanj Seyè a te prèt pou lonje men l' sou lavil Jerizalèm pou detwi l', Seyè a fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre gwo glasi Araounak, moun lavil Jebis la.
1 Chronicles 21:12Twa lanne grangou nan tout peyi a, twa mwa ap kouri devan lènmi k'ap pousib ou ak sòlda yo, osinon twa jou ap sibi chatiman Seyè a ak yon epidemi nan tout peyi a, pou zanj Seyè a menm ap mache touye moun nan tout peyi Izrayèl la? Al kalkile sou sa pou fe m' konnen ki repons pou m' pote bay moun ki voye m' lan.
2 Chronicles 32:21Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe.
Job 24:24Zafè mechan yo mache byen pou yon tan. Men, apre sa, yo fennen tankou zèb savann, tankou tèt ble yo koupe.
Psalms 35:5Se pou yo tankou pay van ap pote ale, lè zanj Bondye a ap kouri dèyè yo.