Exodus 12:37
Moun pèp Izrayèl yo pati kite Ranmsès pou Soukòt. Te gen sisanmil (0600,000) moun konsa, san konte fanm ak timoun. Yo tout te apye.
Bib La
In The King James Version
In Context
38Te gen anpil moun lòt peyi tou ki te pati ansanm ak yo. Te gen anpil mouton, kabrit ak bèf tou.
Cross References
Genesis 12:2M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.
Genesis 46:3Bondye di li: -Mwen se Bondye, Bondye papa ou la. Ou pa bezwen pè desann ale nan peyi Lejip paske m'ap fè pitit pitit ou yo tounen yon gwo pèp laba a.
Exodus 1:11Se konsa yo mete kèk chèf sou pèp Izrayèl la pou kraze kouraj yo, pou fè yo fè kòve travo fòse san pran souf. Moun pèp Izrayèl yo bati lavil Piton ak Ranmsès pou farawon an. Se nan lavil sa yo yo te fè depo manje.
Numbers 1:46yo jwenn sisantwamil senksansenkant (0603.550) gason.
Numbers 11:21Moyiz di Seyè a: -Se sisanmil (0600.000) moun wi ki sou kont mwen. Epi ou di w'ap ba yo vyann kont pou yo manje yon mwa.
Numbers 33:3Moun pèp Izrayèl yo te kite lavil Ranmsès jou ki te kenzyèm jou nan premye mwa a, yon jou apre premye Fèt Delivrans lan. Yo soti kite peyi a devan je tout moun peyi Lejip yo san pesonn pa di yo anyen.