Exodus 13:13
Nan plas tout premye pitit bourik nou yo, se pou nou ban mwen yon ti mouton. Si nou pa fè sa, se pou nou kase kou l'. Men, n'a ofri m' bagay pou achte lavi tout premye pitit gason nou yo nan men mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:3Pale tout moun pèp Izrayèl la. Di yo: sou dizyèm jou mwa sa a, n'a pran yon ti mouton pou chak fanmi, tande byen wi, yon ti mouton pou chak kay.
Exodus 34:20Men, lè yon manman bourik fè premye pitit mal li, nou ka achte l' nan men m'. N'a ban mwen yon mouton pou li. Si nou pa vle peye pou li, se pou nou kase kou l'. Konsa tou, nou va achte nan men m' tout premye pitit gason gason nou yo va fè. N'a ban mwen kichòy pou yo. Piga pesonn janm parèt devan mwen de men l' vid.
Numbers 18:15Tout premye pitit, kit se pitit moun, kit se pitit bèt, y'a mete yo apa pou mwen, e se pou ou yo va ye tou. Men, se pou ou asepte yo peye ou pou chak premye pitit moun ak tout premye pitit bèt ki pa ka sèvi ofrann pou mwen.