Numbers 18:15
Tout premye pitit, kit se pitit moun, kit se pitit bèt, y'a mete yo apa pou mwen, e se pou ou yo va ye tou. Men, se pou ou asepte yo peye ou pou chak premye pitit moun ak tout premye pitit bèt ki pa ka sèvi ofrann pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Tout bagay moun pèp Izrayèl yo pran angajman mete apa pou Seyè a va pou ou tou.
Cross References
Exodus 13:2-Se pou nou mete tout premye pitit gason ak tout premye mal bèt yo apa pou mwen. Tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, tout premye mal bèt yo fè, se pou mwen yo ye.
Exodus 13:13Nan plas tout premye pitit bourik nou yo, se pou nou ban mwen yon ti mouton. Si nou pa fè sa, se pou nou kase kou l'. Men, n'a ofri m' bagay pou achte lavi tout premye pitit gason nou yo nan men mwen.
Exodus 22:29Pa pran reta pou n' ofri m' sa pou n' ofri m' nan rekòt danre nou yo ak nan diven nou. n'a ban mwen premye pitit gason nou yo.
Leviticus 27:26Pesonn p'ap ka pran angajman pou yo ofri Seyè a premye pitit mal yon bèt fè paske li deja pou Seyè a. Kit se premye pitit bèf, kit se premye pitit mouton osinon kabrit, se pou Seyè a yo ye.
Numbers 3:46Ou te jwenn te gen plis premye pitit gason nan pèp Izrayèl la pase te gen moun Levi. Te gen desanswasanntrèz (0273) an plis. Men sa pou yo peye pou sove lavi desansousanntrèz premye pitit gason sa yo.
2 Kings 12:5Chak prèt va resevwa lajan nan men moun yo konnen. Y'a sèvi ak lajan sa a pou fè reparasyon ki bezwen fèt nan Tanp lan.