bible.software › Exodus › Exodus 13 › Exodus 13:4
Exodus 13:4
Se jòdi a, se jou sa a, nan mwa Abib la, n'ap soti kite peyi Lejip.
Bib La
In The King James Version
This day came ye out in the month Abib.
In Context
3Moyiz di pèp la: -Pa janm bliye jou sa a, jou nou te soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la, paske se Seyè a menm ki te fè nou soti ak fòs ponyèt li. Jou sa a, se pa pou nou manje pen ki gen ledven ladan l'.
5Seyè a va fè nou antre nan peyi ki pou moun Kanaran yo, pou moun Et yo, pou moun Amori yo, pou moun Evi yo ak moun Jebis yo. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se peyi sa a Seyè a te pwomèt l'ap bay zansèt nou yo. Lè l'a fè nou antre nan peyi sa a, n'a toujou fè sèvis sa a nan menm mwa a.
Read all of Exodus 13
Cross References
Genesis 15:16Apre kat jenerasyon, pitit pitit ou yo va tounen isit la, paske se pou nou tann moun Amori yo rive nan dènye bout mechanste yo.
Exodus 12:2-Se mwa sa a k'ap premye mwa pou nou nan lanne a. Se limenm k'ap anvan tout lòt mwa yo.
Exodus 34:18Se pou ou toujou fete fèt pen san ledven an. Pandan sèt jou nan mwa Abib la, nou va manje pen san ledven, jan mwen te ban nou lòd la, paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip.
This Verse In Other Editions
Study Exodus 13:4