Exodus 14:17
M'ap fè moun peyi Lejip yo fè tèt di pi rèd. Y'ap antre dèyè moun pèp Izrayèl yo nan mitan lanmè a. Mwen pral bat farawon an ansanm ak tout lame l' a, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 9:9-Men m'ap pase yon kontra ak nou tout ansanm ak tout pitit pitit k'ap vin apre nou yo.
Exodus 4:21Seyè a di Moyiz konsa: -Koulye a, ou wè w'ap tounen nan peyi Lejip. Gade byen. Se pou ou fè devan farawon an tout mirak mwen ba ou pouvwa fè yo. Mwen menm, m'ap fè l' kenbe tèt avèk ou, li p'ap vle kite pèp la ale.
Exodus 7:3Mwen menm menm, m'ap fè farawon an fè tèt di. Konsa, m'a fè plis mirak ak plis mèvèy toujou nan peyi Lejip la.
Exodus 14:4M'ap fè farawon an fè tèt di ankò, l'a rapouswiv nou. Men, m'ap bat ni farawon an ni tout lame li yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. Konsa, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun pèp Izrayèl yo fè jan Bondye te di yo a.
Leviticus 26:28lè sa a m'a kenbe tèt ak nou tou, m'a pran chenn sou nou. Se mwen menm toujou k'ap peni nou sèt fwa pi rèd pase anvan poutèt peche nou yo.
Joshua 11:20paske Seyè a te fè tout moun sa yo soti pou goumen ak pèp Izrayèl la. Se pou pèp Izrayèl la te touye tout tankou ofrann pou Seyè a, san pitye pou yo yonn menm, pou yo tout te ka disparèt, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.