Exodus 7:3
Mwen menm menm, m'ap fè farawon an fè tèt di. Konsa, m'a fè plis mirak ak plis mèvèy toujou nan peyi Lejip la.
Bib La
In The King James Version
And I will harden Pharaoh’s heart, and multiply my signs and my wonders in the land of Egypt.
In Context
Cross References
Exodus 3:20Se poutèt sa, m'ap lonje men m', m'ap frape peyi Lejip. M'ap fè tout kalite mirak nan peyi a. Apre sa, l'a kite nou ale.
Exodus 4:21Seyè a di Moyiz konsa: -Koulye a, ou wè w'ap tounen nan peyi Lejip. Gade byen. Se pou ou fè devan farawon an tout mirak mwen ba ou pouvwa fè yo. Mwen menm, m'ap fè l' kenbe tèt avèk ou, li p'ap vle kite pèp la ale.
Exodus 9:16Men, mwen kite nou viv pou nou kapab wè pouvwa mwen, pou moun ka nonmen non m' sou tout latè.
Deuteronomy 4:34Eske te janm gen yon bondye ki te penmèt li al chache yon pèp nan mitan yon lòt pèp pou fè li tounen pèp pa li, yon bondye ki te janm fè tout mirak ak tout bèl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fòs ponyèt li, ak gwo kouraj li epi ki te fè anpil bagay pou fè moun tranble jan Seyè a, Bondye nou an, te fè l' pou nou devan je nou nan peyi Lejip la?
Nehemiah 9:10Ou te fè anpil mirak ak mèvèy pou pini farawon an, moun ki t'ap sèvi l' yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la paske ou te konnen jan moun sa yo t'ap maltrete pèp ou a. Depi lè sa a, y'ap nonmen nou ou jouk jòdi a.
Psalms 78:43lè li te fè gwo mirak ak bèl mèvèy nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an.