Exodus 15:11
Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?
Bib La
In The King James Version
In Context
10Ou annik fè yon ti van leve, lanmè a kouvri yo. Lanmè a te move, yo desann nan fon tankou plon.
12Ou annik lonje men dwat ou, tè a vale yo tou vivan.
Cross References
Exodus 8:6Arawon lonje men l' sou tout dlo nan peyi Lejip la. Epi krapo moute kouvri tout peyi a.
Exodus 18:11Koulye a mwen konnen Seyè a gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, paske gade jan Bondye delivre pèp Izrayèl la anba moun peyi Lejip yo ki pa t' vle wè yo!
Deuteronomy 1:30Seyè a, Bondye nou an, ap mache alatèt nou. Li pral goumen pou nou menm jan nou te wè l' fè l' la nan peyi Lejip
Deuteronomy 4:34Eske te janm gen yon bondye ki te penmèt li al chache yon pèp nan mitan yon lòt pèp pou fè li tounen pèp pa li, yon bondye ki te janm fè tout mirak ak tout bèl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fòs ponyèt li, ak gwo kouraj li epi ki te fè anpil bagay pou fè moun tranble jan Seyè a, Bondye nou an, te fè l' pou nou devan je nou nan peyi Lejip la?
1 Samuel 2:2Pa gen Bondye tankou Seyè a. Non, pa gen tankou l'. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an.
1 Kings 8:23li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te pase ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo.