Exodus 8:6
Arawon lonje men l' sou tout dlo nan peyi Lejip la. Epi krapo moute kouvri tout peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:29Moyiz di l' konsa: -Soti m' soti lavil la, mwen pral lapriyè nan pye Seyè a. Loraj la va sispann, p'ap gen lagrèl ankò. Konsa w'a konnen tè a se pou Seyè a li ye.
Exodus 15:11Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?
Deuteronomy 4:35Se nou menm sèl Seyè a te fè wè tou sa pou nou te ka konnen se Seyè a ki sèl Bondye tout bon an, pa gen lòt ankò.
Deuteronomy 33:26Pa gen tankou Bondye moun pèp Izrayèl la. Li kouri sou nwaj yo nan syèl la pou l' vin pote yo sekou avèk fòs ponyèt li.
2 Chronicles 6:14epi li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te siyen ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo.
Psalms 86:8Seyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè!