Exodus 15:2
Seyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Seyè a, se yon vanyan sòlda. Se Seyè yo rele l'.
Cross References
Genesis 28:21si l' fè m' tounen ak kè poze lakay papa m', Seyè a va Bondye m' vre.
Exodus 3:15Bondye di Moyiz ankò: -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m' bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m' sou latè de tit an tit.
Exodus 6:7M'ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a.
Exodus 40:34Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan.
2 Samuel 7:5-Ale di David, sèvitè m' lan, men sa mwen menm Seyè a, mwen voye di l': Se pa ou menm ki pral bati yon tanp pou m' rete.
2 Samuel 22:3Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou m' jwenn kote pou m' kache. Se ou ki delivrans mwen. Se ou ki delivre m' anba mechan yo.